ActualitésSécurité
A la Une

Lame d’Haïti ka reprann kontròl peyi-a si gen volonte

Mwen se yon sitwayen ki abite nan rejyon kwadèboukè. mwen gen anpil pròch mwen ki kite zòn nan pou koz ensekirite.  Maten, midi, aswa m’ap reflechi e mwen soti ak konklizyon sa. Nou bezwen selman 200 militè haitien, kote 100 ap travay la jounen e 100 ap travay la nwi epi men solusyon an. Kijan sa ka fet ? lap gen 2 faz. mete yon ti pòs militè kafou fleryo, bò mè yo men fok li byen domine kafou a. mete yon lot avan pon Taba a. Kafou marasa menm, n’ap mete yon kazèn, n’ap pran yon espas nan lakou lise a men ki gade deyò ou yon kay adwat lise a n’ap mete yon kazèn. Sa se  premye faz la.

Kounye a nap pran rout kota pou nou rive gantye, nan chak pwen stratejik yo nap chwazi kay epi transfome yo an kazèn. Konsa, nap met yon kazèn nan komansman rout kota, zòn kafou pakè a, n’ap met youn kote gro kamyon materyo konn kanpe a, youn ap nan kafou micho, youn ap dival ròch, youn ap nan latranble 5, youn ap ant latranble 12 e 17, ti antenn papay la ap transfome an yon pòs militè epi nap bouche rout ki pase bò pòs la pou nou voye yon lot kote, nap met azèn kafou timache a nan lokal I nan kafou a. N’ap mete yon kazèn kafou boje anfas rout ki al tomazo a, youn nan antre sous zabèt ak youn ti tonm ble aprè pon bonèt. men dezyem faz la. Konsa lavi ap reprann epi lapè wi.

Pou rezon deta, mwen pa propoze nonb militè pa kazèn e pòs yo. Sa rete nan men jeneral lame a ak eta majo a. Men tout kazèn ak pòs militè yo ap pentire an kaki. E kekeswa kote wap soti chofè yo ap traverse 2 dodan, sa yo rele poliskouche a, e yap fèt menm jan ak sa yo ki nan bouk gantye a. Militè yo gen plen pouvwa pou fouye tout machine ak moto men moun apye yo tou.

E pou yon militè al sou pòs ou kite pòs li pap gen dwa itilize machine ou moto pal se bakòp militè ki pou Mennen yo. Nan sans sa y’ap reyini nan baz kafou rita epi res swivi yo ap fèt. E mwen konte sou militè yo i pa pral griyen dan ak fanm ou rete nan ap voye mesaj nan telefon menm jan ak anpil polisye pandanke yo sou pòs.

Tanpri chef yo, degaje nou non pou lavi ka reprann paske anpil moun ta remen retounen lakay yo.

Mesi

Filipe A.   

SUIVEZ @FcnHaiti:

TWITTER

  &

FACEBOOK

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page