
Si n ap drese yon lis paran modèl, Eliakim Léon, 34 lane, ki rete sou yon tèt mòn, nan enpas Noël, Meyotte 35, ta dwe prezan. Pa lontan apre im nasyonal peyi a fin kantonnen nan plizyè radyo nan Pòtoprens, teknisyen enfòmatik ak pwofesè matematik, fizik ak chimi nan Institution Mixte Inter-Caraïbes, mòn Èkil, jodi mèkredi 29 mas la, deja konte pami plis pase trantèn paran ki vin asire sante pitit yo, nan Centre Hospitalier Eliazar Germain, nan ri panamerikèn, anfas Konpa makèt.
Nan mitan on pakèt fanm, Eliakim se sèl gason ki vin vaksinen pitit li pou maten an. Menm jan ak fanm ki chita nan sant lan, misye ap tann mis la ki poko janm parèt. Ti valiz bebe l bò zepòl dwat li, li kenbe pitit la ak swen. Ou tou wè jenn gason an pa apèn papa. Anpil zye rive sou li. Nan pyès ki agoch lè w fin monte eskalye lopital la, se la tout paran pran eskal pou tann seyans vaksinayon an kòmanse.


Vizaj Eliakim pa make ankenn siy enpasyans. Pawòl li tradui sa : « Se pa premye fwa mwen vin ak Kathia nan sant la. Se toujou konsa. N ap tann. Nou pa kapab ale san vaksen an».
Ti chanson dodo titit agoch adwat pou kalme timoun k ap kriye, klaksòn ak sirèn machin k ap pase, bri motosiklèt ak vwa machann k ap rele komès devan lopital la, kreye yon anbyans tankou te gen manifestasyon.
Nan chèche pitit gason, dapre sa Eliakim fè konnen, Kathia, tibebe l ap dodinen sou bra l, vin agrandi fanmi an. Li se twazyèm pitit li, apre Sarah ak Saskia.
Se yon koutim an Ayiti. Ou gen dwa chache gason ak zepeng ou pap jwenn yo mennen timoun nan sant pou pran vaksen. Chapit sa, nan liv lafanmi, se fanm ki responsab li. Eliakim, pou anpil manman pitit k ap frekante lopital Eliazar Germain, se pi bèl egzanp yon mari ki vin vaksinen pitit li.
Medam yo ankouraje Eliakim. Li santi l fyè lè l ap akonpli misyon l : « Papa yo dwe patisipe nan swen dirèk timoun yo. Se yon bon egzanp lè yon papa al vaksinen pitit li ». Se youn nan fason ki montre, pou mesye sa, paran modèl se lè papa ak manman mete ansanm pou yo pwoteje lavi ti lezanj yo.
Eliakim lisansye nan syans enfòmatik UNICA depi 2015. Pou l ede fwaye l, il fè kou nan plizyè lekòl. Li anseye matematik, fizik ak chimi. Kou sa yo se ti degaje pou yon chomè degize. Madanm li, Vasty, k ap travay nan yon biwo epay, Delmas 95, pa gen tan pou respekte tout randevou vaksen yo.
Sou ban kote Eliakim chita, pitit li sou bral, li di : «Sa pa anpeche depi madanm mwen pa gen tan, mwen aranje m pou m fè devwa m. Bebe pra l gen 9 mwa. Jodi a, m vin pran dòz rapèl epatit B, ak vaksen kont poliomyelit ak lòt m pa kenbe nan tèt mwen.»
Seyans vaksinasyon
Toudenkou, tout tèt vire nan yon sèl direksyon. Sa k genyen ? Se mis la ki rive. Se yon jèn enfimyè, nouvo responsab branch vaksinasyon an nan Centre Hospitalier Eliazar Germain. Andetan twa mouvman, mis la ak yon oksilyè kòmanse travay. Youn aprè lòt, chak paran, kat vaksen nan men yo, y ap defile.
Timoun ap pran vaksen. Timoun ap kriye. Vwa mis Fabienne Thermilus ap kalme soufrans yo. Sereng ni nan men l, l ap bay plizyè vaksen pou jounen : vaksen kont epatit b, poliomyelit, ribeyòl, ak lòt ankò.
Mis Thermilus pran yon ti poz pou l kase yon ti koze : «Mwen fenk ap fonksyone isit la, men mwen gen plis pase twa zan nan vaksinayon. Depi lè m fin pèdi papa m nan 12 janvye, epi manman m vin kite m kèk tan apre, se de bagay ki rezime vi m: sèvi Bondye epi pran swen moun.»
Plis l ap bay vasken ak oksilyè a, se plis moun ap vini. Sa ki pa deranje mis Thermilus yon may. Pafwa, li pran yon ti poz pou l sansibilize paran yo. « Mezanmi, kontinye pran responsablite nou. Vaksinen timoun yo se devwa nou. Li pi bon lè timoun nou yo dyanm. Sa vle di, lè yo gen bon jan lasante. Lè yo an sante, nou pap kouri tout lajounen ak yo kay doktè akoz maladi.»
Mis la fè konnen ministè Lansante piblik mete vaksen yo nan tout sant, nan tout lopital nan peyi a gratis pou tout moun jwenn.
Mis Fabienne tankou Eliakim rete kwè si chak paran pran responsablite yo kòm sa dwa, timoun yo ap viv an sante. Lavi kapab pi bèl lè timoun yo ap souri, lè y ap jwe.
Ki manman ak papa ki pa renmen gade pitit li k ap grandi an sante ?
Jobenson ANDOU