
La situation de notre pays, la terre de nos ancêtres, est alarmante depuis des décennies mais qui devient pire aujourd’hui. La population est dans le désespoir et souffre amèrement sous les multiples menaces issues de toutes parts et de toutes couches de la société. Cela pousse le citoyen engagé connu sous le sobriquet de Fils d’Haïti, un homme qui lutte pour le changement de notre patrie commune, à lancer un cri de détresse, yon rèl!


la rédaction de l’agence de presse en ligne FCNHAÏTI vous laisse le soin de lire avec attention les mots de ce citoyen qui sait à quel Saint se vouer pour deliver Haïti.
Yon rèl
Nou fè nevèn
Nou fè rèvèy
Nou fè vèy
Nou fè jeriko
Nou fè pisin
Nou fè lanmè wouj
Nou fè lanmès delivrans…
Apre nou al nan kabann nou
Nou pa janm òganize nou
Epi n ap tann delivrans
Si lapriyè nou yo pa fè nou ka mete ansanm pou nou chanje kondisyon lavi, li pa gen efè nan nou
Lapriyè pa divize, men li ini nou
Lapriyè Bondye pa fè moun tounen zonbi…
Okontrè li ouvè je nou
Gen koze atè a
Nou te monte chwal zafè kabrit pa gade mouton,
Men nou te nan menm pak
Lè lou a fin manje kabrit, li grangou l ap manje mouton
Se kounye a nou konn valè solidarite
Hmmmm
Ann reflechi!
Revòlte kont enjistis pa fè w politisyen,
Men li vle di w konsyan kòm sitwayen w gen responsabilite
Kelkeswa relijyon w, estati w, klas sosyal ou
Li bon pou w sonje ou se manm sosyete a
Fòk ou kontribiye pou nou tout ka viv
Ayiti ap chanje lè moun Lasalin, Solino, Matisan, Site Solèy, Kafou Fèy … Gen menm dwa ak konsidersayon ak moun Tijo, Bwa Monkèt, Montay Nwa, Mòn Kalvè…
Twòp prejije!
Ayiti ap chanje lè elèv Lise (lè kote w soti oubyen kote w rete) ap sispann yon jouman
Ayiti ap chanje lè nou tout mete men pou pawòl chanjman sispann yon slogan.
Respè pou tout moun ki vle mete men pou Ayiti.
nap fini poun di » la vi boujonnen, fòk lavi boujonnen, pèp la vle pou lavi boujonnen »!
Par le Citoyen engagé, Fils d’Haïti