Ayiti nan koma, kiyès nap tann pou n leve l

Ayiti 1804 la te pran dwa granmoun li ak yon seri moun ki pat pè kolon pou n te sispan ak sistèm esklavajis la. Batay ewo endepandans yo pat fèt pou te mete n nan rete ak lòt nasyon sou okenn lot fòm. Mwen fè ti pale sa ak nou maten an paske Sa nap viv jodi pa mande silans non tande. Ayiti pat endepandan poul nan sal ye la. Nou di nou grandèt tèt nou epi se konsa nap viv. Nou paka fyè jodi a kòm èt ayisyen. Ann pale pou sa chanje.
Mwen kom mwen pa pale kek jou nan mikwo radio menm patap santim alèz maten an deyè yon mikwo poum pata salanbe chef isit, dirijan peyi m yo, nèg ak nègès nan tout kan politik isi, sila yo ki di yo se patryòt,nasyonalis, defansè dwa moun, jounalis gwo gòj, nou tout kap ede sanwont isi ki renmen ou ki gen foli pouvwa fini yon ak desten pèp konsa. Yon pèp ki selon mwen te konn sal vle. Jodi a se lwa jeng lan ki domine poutan se Leta kigen monopol vyolans lejitim lan, sa yo fè ak li menm?
Eske nap kite Ayiti sanou renmen anpil la fini konsa? Eske nap kite Blan vin bannou plis kesyon toujou pou syek nap pran l nan menl. Nou vin tankou restavek,san memwa, san lidèchip, san respè pou tèt nou. Ey tande! Ki kote n rive la? Kiyès ki ka dim kikote svp? Al réfléchis mwen pa mandew reponn.
Antouka nou rete sèlman pou nou tout efondre si pagen moun ki gen kran pou di non! Non! Se twòp atò! Ayiti pa merite sa, la polis pa merite sa, popilasyon an pa merite sa, inivisitè, elèv lekòl ti machann yo pa merite sa. Pou nap gade jan yap boule men yon jèn polisyè USP, lòt moun bandi ap tye, rache, pandan lòt ap rejwi. Sam te konn wè nan fim se li map viv jeklè, toutbon jodi a nan peyi m , Ayiti. Nou toujou di nou fè listwa epi…
Lilè litan pou inivèsite a jwe wòl li. Se djòb nou wi tande! Ann pran desten nou an men! Ann sispann chante pou drapo ak patri mouri bon tande. Se pawol pou fèn domi , se te lontan pou te fè 1804 li bon paske nou pèdi diyite n kom Pèp. Nou paka gen tout sèvo sa yo se deyò yo blije ale paske lakay pa konn valè ak enpotans yo, lakay ap kidnape,bwè san yo, lakay pa bay travay, pèsonn pa konn ki sen pou rele.
Bon samdi anba lanfè nou poko janm konnen men nap viv la jodi a!
Dieumaitre DESSOURCES
Journaliste, étudiant en Relations internationales
