Urgent: Anplwaye restoran 5 kwen rele anmwe kont responsab yo kap koupe kou yo

Aprè lanmò chèf leta, Jovenel Moise, anpil enstitisyon ak aktivite te paralize sou demand gouvènman ayisyen an ki te deklare 15 jou eta syèj. Jodi mèkredi 4 dawout la, anplwaye 5 kwen yo presizeman sa kap travay nan ri Nicolas yo krache kolè yo fas ak desizyon responsab yo pran kont yo, yo kalifye desizyon sa gwo ponyèt.
Plizyè anplwaye restoran 5 kwen nan ri « Nicolas » rele anmwe kont responsab RESTORAN SA ki deside pran 2mil goud nan 5mil Goud yap touche pou mwa jiyè pase a. Selon anplwaye sa yo, desizyon sa pran akòz 4 jou restoran te fèmen apre asasinay prezidan Jovenel Moise.
Anplwaye yo ki move kou Kong di yo pap pran 3 mil goud la paske yo pat lakòz restoran fèmen ni se pa yo ki responsab lanmò prezidan. Yo ekzije responsab restoran 5 kwen peye yo ti monnen epis 5 mil 150 goud yap touche a tanpri.
FCN

