Responsab yo nan INFP Lanse yon resansman nan pwofi tout lekòl pwofesyonèl prive yo, l ap dire yon mwa, sòti premye pou bout 30 avril 2026 laRuben Sanon

Selon Me Franck Lauture, nouvo Direktè jeneral Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl la (INFP) resansman sa ap fèt nan sousi pou repètorye tout lekòl pwofesyonèl prive yo k ap fonksyone sou tèritwa peyi Ayiti. Ke se swa sa ke INFP deja bay rekonesans, ou sa yo ki gen dosye nan etid INFP, ou sa ki gen rekonesans nan lòt Ministè, ou sa yo k ap fonksyone san pyès rekonesans.
Direktè jeneral la kontinye pou di: « resansman sa ap fèt nan objektif pou fè yon mizajou nan baz done Enstiti a se senp. Sa vle di, Responsab Sant yo ap bay enfòmasyon sou: ekzistans Sant yo, aktivite yo, sitiyasyon jewografik yo, pwofil ak kòdone Responsab la tankou nimerwo telefòn, adrès elektwonik…, filyè yo sa vle di disiplin ke yo anseye, e y ap gen pou reponn ak kesyon eske Sant yo a deja akredite nan INFP oubyen yo poko jwenn rekonesans.. e tout enfo sa yo ap pèmèt ke Responsab INFP yo mye regile sektè a.

Pou sa a a rive fèt, Responsab lekòl yo dwe ale sou Facebook nan paj’’ Institut National de Formation Professionnelle (INFP) ‘’ou sou sit ofisyèl Enstiti a ki se : infp.gouv.ht. konsa, enterese a ap klike sou lyen nan resansman epi l ap ranpli kaz yo. Nan ka ke enterese a ta gen difikilte, li ka pase nan Biwo santral INFP ki twouve l nan Ri Sen-Siren nan ansyen lokal Ajans Kanadyèn, antre lokal kot Galri 128 te ye a, Jivena, Petyovil. Nan sans sa a, l ap pwouve ke li se yon Responsab yon lekòl pwofesyonèl prive. Nan ka sa, enterese a ap pase ak telefòn entèlijan w ant 10 :00 e 2 :00 kote youn nan manm ekip la ap kotche w pou w ka ranpli fòmilè a anliy.
NB : Resansman sa ap dire yon mwa sa vle di, sòti premye pou bout 30 avril 2026 la.
An definitiv, se yon bon inisyativ Direksyon jeneral INFP pran pou fasilite plis Lekòl pwofesyonèl entegre INFP ki se sistèm regilatè sektè Fòmasyon pwofesyonè nan peyi Ayiti. Donk, m ap tou pwofite konseye Direktè jeneral la pou l fè tout sa ki depann de li pou enfo sa yo byen trete.
Ruben Sanon
[email protected]
509 3846-7208

