
Kase met nan men m cheri
M anvi w plen men m tifi
Pou dlo je m
Sispann monte
Lè lalin plenn
Plen men m cheri
Pou m kraponnen
Soufrans ki plòtonnen
Sou lestomak bonè m
Plen men m cheri
Cheri plen men m
Ban m mizik
Pou m kontinye bwase ren m
Plen men m cheri
Pou m mouye jaden w
Tankou lawouze nan douvanjou
Kap niche mèch cheve lanati
LEPS le MAGnifik extrait du recueil « Krèy pawòl »