Haïti/Justice : le RENAMAH s’adresse au PM Ariel Henry sur la promotion et le renouvellement du mandat des juges

Dans une lettre ouverte adressée au premier ministre Ariel Henry, portant la signature du juge d’instruction Loubens ELYSEE, récemment, le Réseau National des Magistrats Haïtiens (RENAMAH), rappelle le chef du gouvernement l’importance de l’application de la loi et les trois (3) pouvoirs, la responsabilité du Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciaire (CSPJ) dans le cadre de la nomination des juges à travers les juridictions du pays. Ledit Réseau, en mettant en évidence la situation dans laquelle font face des différents tribunaux, les cours d’appel, la faiblesse du système judiciaire haïtien, le renouvellement du mandat des magistrats, entre autres, demande au chef de la primature de prendre ses responsabilités afin de mettre la justice dans son assiette entant que pouvoir indépendant.
La rédaction de FCNHAITI vous propose, chers lecteurs-lectrices, à lire cette correspondance du RENAMAH.
Rezo nasyonal majistra ayisyen yo
Renama
Palè jistis Pòtoprens, Madi 16 janvye 2024
Dr Ariel HENRY
PREMYE MINIS
Boudon
Nan biwo l yo.-
Rezon lèt la : Se sou koze pwomosyon ak renouvèlman manda jij yo
Mesye Premye Minis,
Direktwa Rezo nasyonal majistra ayisyen yo (Renama) salye w nan non zansèt nou yo ki kite
pou nou yon tèritwa ki rele n chè mèt chè mètrès ke nou dwe kontinye pwoteje pou byen tout
pitit tè a san ankenn distenksyon.
Premye minis, Renama ekri w nan lèt san anvlòp sa a pou l jis raple w ke leta a gen 3 pouvwa:
pouvwa ki la pou fè lwa pou dirije nasyon an, pouvwa pou egzekite zak nan administrasyon
piblik la ak pouvwa ki la pou aplike lwa yo. Si 2 premye pouvwa yo se nan eleksyon nasyonal
ak lokal yo eli moun nan tèt yo, pouvwa ki la pou aplike lwa yo, fè lajistis fonksyone a se sou
etid dosye yo nome moun ki nan li yo. Lalwa di se Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a ki resevwa
dosye yo epi bay avi favorab li avan li voye yon lis bay zotobre ki nan pouvwa ki egzekite zak
nan administrasyon piblik la pou ba yo komisyon nominasyon yo.
Sa fè kèk tan, malgre plenyen ki fèt sou sa, pi fò tribinal ak lakou dapèl nan peyi a pa fonksyone
paske manda jij yo fini epi chaje tribinal ki pa gen lokal. Nan kapital la pa gen yon lokal
definitif pou Palè jistis la. Sa k te genyen an kraze depi 2010. Sa yo te prete leta a bandi pran l
depi plizyè lane. Se menm bagay pou Palè jistis Kwadèboukè. Pou Tribinal depè yo menm se
pa pale. Se yon dibita konsa ki pa gen lokal ditou ditou. Genyen se anba pye bwa jij chita fè
odisyon ak jijman. Ou ka f on w kout je nan rapò OCNH la ki soti nan mwa desanm lan sou
sitiyasyon lajistis la.
Premye minis, bagay la plis ke grav pou lajistis peyi a. San yon lajistis k ap fonksyone pa gen
ankenn pwogrè nou ka fè nan sosyete a. Se pou tèt sa, Renama fè apèl a sans responsabilite
gouvènman w ap dirije a pou prese prese li pran desizyon pou tounen nan Sekretarya teknik
pouvwa jidisyè a tout komisyon jij ki gen avi favorab konsèy pouvwa jidisyè a swa pou
pwomosyon, swa pou renouvèlman. Se yon fason pou sèl pouvwa ki toujou ap fonksyone a pa
kanpe bloke san fè anyen pandan to vyolans ak kriminalite a ap ogmante nan sosyete a. Renama
pa bezwen pale sou lòt dosye sivil e latriye k ap soufri nan tiwa paske pa gen jij pou tande yo.
Dosye moun ki fèmen dèyè bawo menm se pa pale.
Komisyon pwomosyon yo dwe tounen, paske gen tribinal ki pa gen jij swa yo pati kite peyi a,
swa yo pa sètifye. Nan sans sa a fò k jij depè ki kalifye yo monte nan Premye degre, fò k jij
premye degre ki kalifye monte nan lakou dapèl. Pwomosyon ak renouvèlman manda yo ap
pèmèt tribinal ak lakou dapèl yo fonksyone yon fason pou tande afè penal, sivil ak lòt ankò ki
an soufrans depi digdantan. Gen nesesite pou gouvènman an tande rezon e aji vit sou sa.
Premye minis, peyi a pa ka sipòte vid ankò. Sosyete a pa ka soufri plis ke sa l ap pran la a.
Zotobre yo la pou travay pou satisfaksyon popilasyon an. Se pa nòmal pou jij yo disponib men yo pa ka travay akòz komisyon yo pa genyen, akòz pwomosyon gouvènman an pa enterese bay
poutan yo pa repwoche yo anyen ki mal nan egzèsis fonksyon yo.
Premye minis, Renama espere gouvènman w ap dirije a ap debloke sitiyasyon lajistis la trapde
pou anpeche blokaj total tribinal yo. Gen lòt pwoblèm toujou nan lajistis. Men an n rezoud koze pwomosyon ak renouvèlman manda jij yo n a pran lòt yo aprè. Si yon sitwayen ou zotobre ta
deside bloke tout tribinal paske l repwoche lajistis yon bagay ki pa fè l plezi, li dwe resezi l
paske se alimèt nou ye. Nou tout ap pase. Men enstitisyon yo ap toujou la pou sa k ap vini pran
larelèv.
Renama espere gouvènman w ap dirije a aji nan sans responsabilite l anvè sosyete a pou demen
pa pi tris e l pwofite pou l swete w, Mesye Premye minis, Bon lanne 2024 e mande w fè menm
swè a a manm gouvènman w yo tou.
Ke lespri zansèt yo gide nou nan bon chemen jiskaske nou rann nou kont nou gen yon peyi ak
yon pèp nou dwe respè ak lanmou.
Loubens ELYSEE
Prezidan

